Sou Pote'l Lakay

Pote'l Lakay se yon òganizasyon livrezon ayisyen ki ofri atik, akseswa ak byento manje. Nou konekte vandè, livrè ak kliyan nan yon ekosistèm konfyans.

Livrè nou yo

Livrè nou yo resevwa salè pou chak livrezon. Minè ka travay sèlman ak otorizasyon tutè legal yo, wikenn ak vandredi apremidi.

Founisè nou yo

Founisè yo depoze atik yo nan lokal nou. Chak atik verifye pa yon responsab anvan parèt sou sit la.

Kijan sa mache

  1. Chwazi atik ou yo

    Ekip nou an verifye chak atik anvan li parèt sou sit la.

  2. Kòmande

    Peye ak kat, oswa dirèkteman nan lokal nou.

  3. Verifye livrè a

    Lè li rive, tcheke non li sou sit la anvan ou peye.

  4. Finalize ansanm

    Nou toude peze « Finalize » pou fèmen livrezon an.